Magazine Culture

Alewlanmèd !

Publié le 30 janvier 2013 par Fredlafortune

menm si yo te fè fèt jou m’te fèt

m’ pat chwazi jou pou’m fèt.

lè m’te vin sou latè, m’vin san dwa

pou m‘ale ou pou m’rete.

si kounye a m’gen chwa pou m’aksepte rete viv,

m’aksepte viv ak tout sa lavi ofri li genyen

de bon ou de movè . dous ou anmè.

sale ou sikre. byen ou mal .

si se mwen ki te gen pou chwazi jou

pou m’te vin viv isiba, m’tap chwazi vini kounye a.

kounye a tan an eklere, li gen plis limyè. m’ap wè

pi klè pou kafe m pa koule ak ma. m’ap wè pi klè

pou m’mache sapata van kontrè ak move mare pou m’rive.

lavi pou mwen se pa yon pant bèl glizad lache kòw

lese l’glise koule dous w’ap rive. Non ! Lavi s’on nechèl

miwomiba san bawo kèk kote, tèt koupe ak yon maswife,

fò w bite kilbite kenbefò fèjèfò leve pye piwo pou w monte.

se jefò k’pou fè w fò nan lekòl lavi. si w kwaze bra w jodia

ou pap kab kwaze pye w pita chita dodine jwi sa w pwodui .

si m’ap soufri se dil mwen ak lavi piske m’chwazi rete viv.

alewlanmèd ! kite m viv. pa chache foure nan lespri m lide

gwotanta vòl krim kidnapin, pa mande m sèks lanvèlandwa

nan mouv devan dèyè tètanba, pa envite m brase poud antrav dil

dezagreman kap fware kòkòlòf kalbas tèt mwen fè m’pèdi oubyen lòlòj mwen oubyen lajistis voye m viv n’on kalòj . non ! tèt mwen ap rete anplas lokobasiye byen vise sou 2 zèpòl mwen . m’ap ka mache dwat nan direksyon frechè yon bèl maten kote kafe a ap koule san ma.

se lè sa a, san prese, m’ap chita sirote l, pran plezi bwè l

ti gòje pa ti gòje jouk dènye kras nan fon tas la .

     Emmanuel  Albert ( Toto )


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine