Verite nan pawòl Jésus-Christ di g’on fòs ou rankontre sou tout longè vi w: « Nul n’est prophète en son pays. »
Moun kap viv pre w pa konn valè w. Se vre! Jesus-Christ li menm te viktim sa. Si moun epòk li yo te konnen kiyès li ye, ki chans yo te genyen pou l te avè yo, se pa sou 2 mòso bwa ak 3 grenn klou yo ta kloure krisifye l. Wa di lanati g’on sizo majik pou taye desine tèt jenerasyon ki vin aprè nou yo yon lòt jan,
fè yo wè pi klè, fè yo admire bote bagay kap fèt sou zye nou ke nou pa apresye. Nemours Jean-Baptiste pran kont jouman l an 1955. Pwòp mizisyen parèy li jazebabye akwoupi tipilgwopil sou do l . Genyen menm ki pa krent kase met nan men l, joure l, trete l nan figi l: « Tèt kanna, ou pap janm sou tab. Ti panten kap fè tenten ak yon vye mizik, makak sale. » Men! Gade kounye a, ou pakab fin konte konbyen mizisyen jèn jenerasyon kap mete pye yo mache nan pa konpa Nemours fin trase. Gen ladan yo ki menm rive pwouve ou kapab chanje bagèt mizik konpa nan men yon mayestwo pou w ranplase l ak sa lang fransè rele “les rênes du pouvoir.”
Malgre tout bèl nòt, tout pouvwa bote mizik Mozart genyen pou fè moun bave, fè moun reve, finès noblès mizik li konpoze pat janm rive fè l monte pi wo sòti nan klas mwayèn li te ye nan epòk li ya. E, si jodia yon lòt jenerasyon nan peyi lewòp santi yo fyè pou yo mete foto Mozart sou pyès lajan 1 euro y’ap sèvi, moun nan vil Vienne lè Mozart mouri le 5 desanm 1791 pat wont jennen al jete kadav li nan gwo twou fòskomin dèyè legliz Sen Mak la. Saktadisa! Mozart te gen 5 an lè l’bay premye konsè mizik li, li mouri à 35 an, kidonk li konsakre 30 an nan vi l pou l konpoze jwe plis ke 626 pyès mizik ke lemond ap chante fredone, men ke yo pa kapab depase jis jounen jodia. Poutan Mozart pa antere ni oson La flûte enchantée, ni oson Requiem, dènye pyès mizik lanmò pa kite l fin konpoze. Se nan vòltij wonwon vonvon mouch l’al repoze l pou letènite n’on twou fòskomin.
Mwen vle ajenou koube tèt bese nan pye talan ak fòs karaktè gran pent ayisyen Yveson Celidon, yon modèl, yon bon pat, yon moul nou ta dwe sèvi pou n petri fasonnen prepare pou demen atis, ekriven, pent, pansè, filozòf ayisyen. Selon moun ki gen chans vizite pent Yveson Celidon, lè w ouvè frijidè lakay li, se liv, se liv ou wè, se pa pen. Sa fè n sonje ankò yon lòt paròl Levanjil : «Lòm pa viv sèlman ak pen. » Li bezwen tou gwo limyè nan kè l pou l fè bèl klate ide, panse tout kalite klere briye nan lespri l. Tout kote andan kay la se liv, ou chita sou liv, se ak liv matla l’ kouche dòmi fèt. Pouki sa? Antouka se pa yon foli, se pito yon gwo pasyon pou montre pouvwa lòm genyen pou’l melanje bagay materyèl ki la pou pase ak bèl ide, bèl panse kap penn lavi, ba l koulè bote natirèl li. Chak ide, chak panse nan liv wap li va sèvi angrè pou fè jèmen enspirasyon kreyasyon w. Tout sa nap di la a, pent Celidon rezime l senplifye l nan yon senp fraz li ekri nan panno lakay li :
« Valè yon zwazo se pa nan bote plimaj li, se pito nan enpòtans li nan lanati ».
Zwazo a kapab bèl se vre, men tout enpòtans li se nan vole, vole poze sou flè de pyebwa an pyebwa pou fè jèmen tout kalite fwi lavi.
Emmanuel Albert (Toto)