An Ayiti lè yon timoun ale lekòl, olye li al aprann ekri jan li pale, li al reaprann pale ak aprann ekri. Sa vle di, nou se yon pakèt reskape ki soti anndan yon sistèm edikatif ki monte kont nou. Si nou ta fè yon vire gade Lanng Ayisyen an, n’ap wè anpil nan refleksyon syantifik k’ap fèt sou li yo fèt nan lòt lanng. Tankou lanng Ayisyen an te sou beki, tankou li pa gen kapasite pou reflechi sou pwòp tèt li. Operasyon ki pèmèt yon lanng grandi tout bon vre a chita nan ale vini sosyete a ap fè ak li, yon fason pou li ka pran fòm nan Tan an. Nan sans sa a, sosyete se laboratwa kote eleman lingwistik yo ak eleman kiltirèl pran manm, epi Tan an se antite ki ba yo lejitimite pou tranzaksyon sa a fèt. Jounen Jodi a, nou pa ka ap konpare lanng Ayisyen ak okenn lòt lanng pou nou ka di li pa gramoun tèt li. Paske plis n’ap Jofre se plis na va jwenn bon zèl, Jan Powèt la di sa nan liv Laviwonn nan. Ki donk, nou bezwen tan pou nou Jofre, nou bezwen lasosyete ak Lasyans ede nou Jwenn bon zèl yo.
Epi nan Rhode Island, avèk Fred Edson Lafortune ki anime emisyon Echo Culture, youn nan emisyon ki gen anpil ekout nan zòn nan, te fè yon jounen espesyal ak Patrick Sylvain epi Yvon Lamour. Fòk nou di Patrick Sylvain se ekriven epi li se pwofesè nan youn nan pi gwo inivèsite ki sou tèritwa ameriken an (Brown University). Yvon Lamour se ekriven, lengwis, li anseye kreyòl Ayisyen an nan plizyè inivèsite epi l’ap travay kòm pwofesè an chaj nan “Cambridge Rindge and Latin School” nan vil Cambridge nan Massachusetts. Nou pat manke deba, nou pat manke pataj, moun yo achte anpil liv kreyòl nan tout aktivite yo.
Pou nou fini, n’ap lanse yon apèl, ak yon mesaj klè bay dirijan Ayisyen yo. N’ap di yo li lè, li tan pou peyi a genyen yon politik lengwistik solid, yon fason pou nou sispann fè timoun ayisyen yo tounen etranje lè yo fini lekòl.
Anderson Dovilas
Lengwis/ Ekriven
Source: Tout Haiti